Sa nou fè
Modèl Operasyon
Nou menm nan Manman pou Jistis ak Egalite (MJE) nou kwè ke povrete se kòz prensipal vyolans. Fòmasyon lidèchip pèsonèl ak devlopman mendèv "Ou Konte" nou an sipòte rekiperasyon chak patisipan apre yon chòk epi ede yo reyisi nan karyè ak nan etid alavni. Objektif nou se angaje patisipan nou yo nan aksyon sivik pou yo ka vin vwa chanjman nan kominote nou yo.
Edikasyon ak Angajman
1
Edikasyon anseye zouti aksyon sivik yo.
2
Angajman ofri opòtinite pou patisipe nan aksyon sivik.
3
Ansanm, pwogram sa yo kreye epi nouri nouvo lidè. Nou kolabore avèk lòt òganizasyon sèvis, akademik, ak ajans gouvènmantal pou nou eksplore opòtinite pou aksyon kreyatif ak efikas. Nou itilize eksperyans ak ekspètiz konbine plizyè sektè ansanm ak detèminasyon yon kominote angaje kont entansite vyolans iben an.
Pwogram Edikasyon yo
Etap 1
Fòmasyon “Ou Konte: Lidèchip Pèsonèl” la ede manman ak jèn k ap refè apre yon chòk pou yo fikse objektif pèsonèl epi konprann wòl yo nan konbat vyolans ak pwoblèm ki asosye avèk li nan kominote yo a.
Etap 2
Fòmasyon sou alfabetizasyon finansyè bay manman yo, jèn yo, ak jèn adilt ki nan prizon zouti pou yo konprann kijan otonòmizasyon finansyè yo ap ede yo reyalize objektif pèsonèl yo.
Etap 3
Fòmasyon Preparasyon pou Mendèv la mennen nan travay dirab nan sèvis familyal, resous imèn, administrasyon, ranmasaj fon, relasyon kominotè, ak plis ankò. Moun ki gradye nan pwogram sa a se "Defansè Kanmarad,* prepare pou sipòte fanmi yo, kanmarad yo, ak kominote yo.

















